Fè wout pou Émile Célestin Mégie (Togiram) pase (16 oktòb 1922 - 6 jiyè 2018)

Pierre Michel Chéry 23-07-2018

Pa gen pi bèl batay pase batay pou yon pèp defann kilti li ak ranmase karaktè li.

Anvan nou pale sou dèt nou genyen pou Togiram, li ta bon pou nou raple kontribisyon Togiram nan batay lang kreyòl la. Emile-Célestin Mégie, ki ekri tou sou non plim Togiram (to-ji-ram), santre pi fò woman li yo sou reyalite vodou a, ak tout kontradiksyon ki gen nan vodou a. Etan Togiram ap ekri woman ak pwezi, li se yon militan ki t ap defann kilti popilè a ak lang kreyòl la. Sa ki fè Togiram enpòtan pou kilti popilè a anndan batay lang kreyòl la menm, se pozisyon li pran pou son yo rele "ou" nan nen, oswa "ou" nazal la, jwenn plas li nan alfabè lang kreyòl la kòmsadwa. Son [ou] nazal sa a nou jwenn li nan mo tankou oungan, ounfò, oungenikon, ountò, eks. Se yon son ki sòti nan lang fon, yon lang Afriken. Li goumen pou yo pa konfonn li, ni ranplase li ak yon lòt son, ki ta tou pre. Si pou alafabè kreyòl la pa ta rekonèt egzistans son sa a, se tankou alfabè lang pèp la ta voye yon pati nan reyalite lavi pèp la, yon pati nan istwa pèp la, yon pati nan kilti peyi a, li ta voye yo jete. Se ta asepte yon diskriminasyon anplis nan sosyete a anba dra lasyans.

Apre presizyon sa yo, nou santi nou pi alèz pou nou bay temwayaj sou fason Togiram ede nou jwenn kote pou nou kanpe nan kilti peyi a, nan lang peyi a, nan literati peyi a.

Nan lane 1972, lekòl Frè Miragwàn yo pa t depase klas katriyèm segondè. Nou p ap janm ka bliye tray papa nou pase pou li te jwenn yon plas nan lise pou nou nan Pòtoprens ak kay yon bon Samariten pou nou fè ladesant. Chans pou nou, lavi a te voye nou lakay kouzin nou, Junie Mégie (Jini Meji) Madan Ulrick (Ilrik). Plis pase 45 lane pase, imaj ti bifèt liv la toujou rete vivan nan lespri nou. Nan mwa novanm 1972 sa a, nou t ap depasyante pou kouzen an vin di nou li jwenn fich lise a pou nou. Tank nou veye pwent kafou, se tank nou pwofite fouye ti bifèt la pou nou jwenn liv pou nou li.

Nou fouye jouk nou pantan sou yon ti jounal kreyòl 10 paj yo te rele GINDÒL. Se Togiram ki te direktè ak prensipal redaktè GINDÒL. GINDÒL se youn nan pi bèl rankont nou fè nan lavi nou. Petèt si nou pa t li GINDÒL, nou ta gendwa tankou yon bon valè Ayisyen ki konprann se natirèl pou yo meprize moun pou tout kalite rezon. Pou yon moun konprann sa nou ap di a, se pou li ta mete tèt li nan plas yon elèv Ayisyen 12-16 an, ki anba kontwòl yon enstitisyon k ap devalorize tou sa elèv sa a ap viv nan fanmi li ak nan kominote li. Leson apre leson, mepri pou sa ki fè esans elèv la pral donnen nan fon konsyans elèv la. Epi, pi devan, elèv la pral voye menm mepri a retounen nan sosyete a.

Imajine yon jenn gason ki nan adolesans li, ki se pitit peyizan, ki leve nan lakou, ki abitye ak rara, ki abitye ak moun k ap pran lwa, moun k ap pale kreyòl rèk... Imajine paran menm adolesan sa a mete li lekòl pou li ale ranmase lakonesans ak ledikasyon, epi ledikasyon an tounen yon machin pou mete adolesan an malalèz nan po li kòm pitit peyizan, kòm moun ki gen lwa nan fanmi li, kòm moun ki renmen rara. Imajine kouman fon konsyans yon pakèt Ayisyen sòti kolboso nan lese frape k ap fèt nan mitan kilti yo ak kilti pèpè a.

Se nan moman n ap chache wout pou nou fòje karaktè nou, nan moman n ap chache wout pou nou bay lavi nou direksyon, nou pral pantan sou de (2) atik nan GINDÒL. Youn nan atik yo te pale sou traka moun ap pase nan monte kamyon, nan move wout nan peyi a, pou y al chache tretman. Dezyèm atik la te pale sou yon seremoni lwa yo rele Boule Zen. Se te premye fwa nan lavi nou, nou te li kichòy ki pale an byen sou vodou. Se te premye fwa nou pa t santi nou gen defo jis poutèt nou se pitit abitan, jis poutèt nou pale kreyòl. Chòk la rapid : men sa nou ta renmen li, men sa ki enterese nou, men wout pou nou pran si nou vle vin ekriven demen. Nou pa janm sispann di Togiram mèsi pou GINDÒL.

Jodi a, nan moman n ap voye Togiram ale, se pou nou di lafanmi Mégie, espesyalman pitit Madan Ulrick yo, mèsi dèske yo te pèmèt nou rankontre Togiram nan yon kalfou pou nou te chwazi wout pou nou bay lavi nou direksyon. Nou konnen tout fanmi an deja fyè paske li te bay peyi a yon patriyòt tankou Togiram.

Togiram, Al dòmi nan lapè, san kè kase, ou te nan bon batay la

Pierre Michel Chéry

13 jiyè 2018