ANDRE Nicolas


Prezantasyon:

Nicolas André fèt nan Pòtoprens.

Li fè 4 an etid nan Fakilte Lengwistik ant 1988 ak 1992. Li kolabore nan Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon and 1994 ak 1997, kote l te okipe pòs responsab sèvis Rechèch nan Lang Kreyòl ak pòs responsab sèvis Relasyon piblik pi devan. Li te fè yon kou kreyòl pou etranje nan Sant Petyon-Boliva ak yon kou lengwistik kreyòl pou etidyan Seminè Teyolojik Evanjelik Pòtoprens (STEP).

An 2008, li fini yon metriz nan Lengwistik franse nan Inivèsite Indyana nan Etzazini (IU), e an 2008-2009 li te fè de semès pou koumanse yon pwogram doktora. Li te anseyè kreyòl nan IU pandan 4 an. Kounye a li se anseyan kreyòl ak kòdonatè kou kreyòl nan Inivisèsite Entènasyonal Laflorid (FIU).

Piblikasyon:
Liv

Qui trop embrasse mal éteint. Yon woman franse ki pibliye an 2011.

Liv an kolaborasyon

Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Yon diksyonè Creole Institute - Indiana University pibliye an 2007. (Asistan editè)

Pen nan boutèy diven nan panyen banbou, Liv I. Yon esè FOKAL, 2002. (Manm ekip redaksyon ak miz an paj)

Pen nan boutèy diven nan panyen banbou, Liv II. Yon esè FOKAL, 2002. (Manm ekip redaksyon ak miz an paj)

Liv li fè travay pase men

Dwa moun pou tout moun. Yon esè Misyon Sivil Entènasyonal OEA/ONU, 2008. (Travay revizyon final ak prefas)

Bay mo yo lapawòl. Yon esè Misyon Sivil Entènasyonal OEA/ONU, 2008. (Travay tradiksyon)

Demokrasi pou tout moun. Yon esè Anbasad Amerikenn, 2004. (Travay revizyon final ak prefas)

Ann Pale Kreyòl. 2yèm edisyon. Yon liv aprantisaj kreyòl Albert Valdman pibliye, 2006

Atik nan liv

“Pledman pou yon nòmalizasyon lang kreyòl nan kad amenajman lengwistik - yon Akademi lang pa oblije fè travay negatif” nan Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni? - Ak Kolòk Entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen, sou direksyon Renauld Govain. 2013