CHANCY Magloire Adeline


Madam Adeline Magloire CHANCY fèt nan ri bòn fwa yon samdi maten 4 avril 1931. Li marye nan lane 1955 ak Mesye Max Chancy. Akademisyèn sa a fè primè li Petyonvil, segondè li kay mè lali yo. Li diplome nan « Faculté de Droit et des Sciences économiques (FDS) » ak nan « Ecole Normale Supérieure ». Li fè yon metriz nan Fakilte Syans Edikasyon depatman andragogi nan Inivèsite Monreyal. Li se yon edikatris espesyalize nan edikasyon.


Madam Chancy vin enterese nan lang kreyòl, se pa ni fanmi ni lekòl ki mennen li nan chimen sa a. Se angajman politik ki fè li vin wè klè nan reyalite sosyal ak politik peyi a. Depi 1962, li rantre nan batay rezistans kont diktati Duvalier a avèk « Komite Fanm Patriyòt ». Li te travay nan yon rezo militan ki te rasanble divès komite ouvriye, etidyan, fanm, nan yon « Fwon demokratik inifye». Se epòk sa a, nan yon klima represyon politik ki make san, li vin konprann wòl lang nasyonal nou an nan batay pou rive tabli yon rejim politik demokratik epi pou nou kapab pran wout pwogrè, devlòpman, ak inite nasyonal.


Nan lane 2011 li te fè pati Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen nan okazyon Vis Rektè Inivèsite Leta d Ayiti a, Mesye Deshommes, t ap rasanble enstitisyon ak pèsonalite pou òganize yon Kòlòk entènasyonal nan lide pou jwenn yon akò sou kesyon Akademi Kreyòl ayisyen an.


28 oktòb 1983, li te aksepte reprezante Bannzil pou òganize premye jounen entènasyonal lang kreyòl nan Monreyal.

Akademisyèn Chancy reprezante Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal nan Akademi an; Madam Chancy se yon militant Kreyolis k ap batay depi plizyè lane pou lang kreyòl la jwenn plas li merite nan sosyete a. Madam Chancy se ansyen Minis Kondisyon ak Dwa Fanm, ansyen Sekretè Leta pou Alfabetizasyon. Li pibliye anpil atik sou lang ki makònen ak etid sosyal.