ISTORIK AKADEMI KREYÒL AYISYEN
25 Oktòb 2008: Nan non Inivèsite Leta Ayiti, Vis Rektè Rechèch Inivèsite a, Mesye Friz Deshommes, te fè premye kout rèl pou li raple sosyete a li lè li tan pou peyi a monte Akademi Kreyòl Ayisyen Konstitisyon an kreye depi lane 1987. Se te nan okazyon premye kòlòk Komite Entènasyonal sou Etid Kreyòl ki t ap reyalize nan peyi d Ayiti. Reyaksyon Inivèsite a te resevwa sou dosye a fè li konprann:
1. Anpil sektè ak pèsonalite gen tan pare pou ede kòz la vanse ;
2. Se inivèsite a ki pou ranmase li ;
3. Inivèsite a p ap ka pote li pou kont li.
Inivèsite a pran nòt epi pou li derape. Li te jwenn kat (4) lòt enstitisyon ki vin pote kole ak inivèsite Leta Ayiti pou fòme « Komite Inisyativ pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen » Kat (4) enstitisyon sa yo ap ferarye lontan pou lang nasyonal nou an rive jwenn plas li nan sosyete a. Ladan yo n ap jwenn Biwo Leta tankou prive, layik tankou relijye, kretyen tankou vodouyizan,….
Se te :
1. Sekreteri Leta pou Alfabetizasyon ;
2. Près Nasyonal Ayiti ;
3. Jounal Bon Nouvèl ;
4. Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen.
28 oktòb 2008 : Inivèsite Leta Ayiti te pran angajman pou fè vanse kòz Akademi Kreyòl Ayisyen.
Avril 2009: Inivèsite Leta d Ayiti rantre nan demach pou kore Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen jan Konstitisyon 1987 la prevwa sa. Li òganize Premye reyinyon Komite Inisyativ pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen. Se yon komite ki debleye teren an nan boukante lide, òganize chita pale, pwovoke deba, pou debalize tout pikan kwenna ki bare chimen antant sou jan pou Akademi Lang Kreyòl la rive monte.
28 Oktòb 2010: Premye kominike ofisyèl Komite Inisyativ pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen.
27 rive 29 oktòb 2011: Kòlòk Entènasyonal sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni?.
Komite Inisyativ pou tabli Akademi an te prepare kòlòk sa a pou pèmèt tout kouran lide kontre youn ak lòt. Nan kòlòk sa a te genyen plis pase karant (40) espesyalis: Ekriven, Lengwis, Antwopològ, Sosyològ, Avoka, Etidyan, Doktè, Teknològ, Edikatè, Istoryen, Reprezantan divès Ministè….. Komite inisyativ la te tou pwofite akeyi lòt manm tankou Ministè Edikasyon Nasyonal, Ministè Kilti, Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal, Fakilte Lengwistik Aplike, Biwo Nasyonal Etnoloji….
30 avril 2012: Komite pou tabli Akademi an ak Reprezantasyon KARIKOM òganize yon gwo woumble nan otèl Le plaza pou yo wè kijan yo te ka mete ansanm ak kèk lòt peyi Karayib tankou Sent Lisi ak Ladominik pou yo ta kreye yon aks kreyòl anndan KARIKOM. Sektanm 2012: Komite Inisyativ la pare premye bouyon Lwa Akademi Kreyòl Ayisyen nan kad selebrasyon Mwa lang ak Kilti Kreyòl la.
Premye oktòb 2012: Lansman Selebrasyon Mwa Kreyòl 2012 anba tèm: “Akademi Kreyòl, yon zouti pou nou vanse ak lang nou”.
Oktòb 2012: Pandan Tout pèp kreyolofòn sou latè ap fete Mwa Lang Kreyòl la, Senatè Jean William Jeanty mete ansanm ak uit (8) lòt kòlèg li anndan Sena Repiblik la, pou yo ranmase bouyon lwa a, pase men ladan l epi depoze dokiman an sou biwo Palman an pou l vin tounen yon bonjan pwopozisyon lwa.
12 novanm 2012: Lèt yon gwoup asosyasyon sosyete sivil la pou mande prezidan Martelly pou se kreyòl li pwopoze kòm dezyèm lang ofisyèl nan karikòm.
20 novanm 2012: Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an mande Prezidan Martelly pou l sipòte lang kreyòl kòm dezyèm lang ofisyèl Karikòm.
10 desanm 2012: Alawonnbadè tout Sena a vote Lwa kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen la.
12 desanm 2012: Kominike rèmèsiman Komite a pou Sena a dèske li vote Lwa Akademi Kreyòl la.
3 janvye 2013: Lèt louvri Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen ak Rektora Inivèsite Leta Ayiti bay Gouvènman an sou demann Lang Kreyòl kòm dezyèm Lang ofisyèl nan Karikòm.
23 avril 2013: Cham Depite a. alawonnbadè, vote Lwa sou fonksyònman ak òganizasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an.
24 avril 2013: Kominike rèmèsiman Komite pou Chanm Depite a dèske li vote Lwa Akademi Kreyòl la.
25 avril 2013 : Inivèsite Leta Ayiti ak Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ekri Palman an yon lèt remèsiman.
2 me 2013: Prezidan Michel Joseph Martelly ekri Prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desras, kote li mande li vèsyon fransè Lwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen.
10 me 2013: Pwotestasyon kont desizyon Prezidan Martelly pran pou l pa pibliye Lwa sou kreyasyon Akademi Lang Kreyòl la.
2 jiyè 2013: Palman an retounen vote Lwa Akademi Kreyòl Ayisyen.
4 jiyè 2013: Komite a voye yon chay remèsiman bay Palman an dèske l rejte objeksyon Prezidan an.
25 jiyè 2013: Nan Otèl Le Plaza, Vis Rektè Fritz Deshommes ak kolaborasyon Direksyon Nasyonal Liv (DNL) louvè kafelodyans pou Ak Kòlòk Entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen.
Jiyè 2013: Atelye travay Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen nan Pierre Payen, kay Michaelle ak Clotaire Saint-Natus.
28 dawou 2013: Rankont Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen ak Minis Edikasyon Nasyonal, Mesye Vanneur Pierre sou batay pou fè Prezidan Martelly pwomilge Lwa a.
2 sektanm 2013: Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen ak Inivèsite Leta Ayiti a mande Prezidan Martelly pou l pibliye lwa a nan okazyon Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon an.
5 sektanm 2013: Kominike Komite a nan okazyon Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon.
Oktòb 2013: Selebrasyon Mwa Kreyòl nan Sodo sou tèm : « Akademi Kreyòl Ayisyen: Zouti pou nou kore idantite nou »!
22 rive 24 oktòb 2013: Komite Akademi Kreyòl Ayisyen nan Dominik nan Senpozyòm sou Lang Kreyòl sou tèm: “Sanblé pèp, Sanblé péyi, Tout ansanm pou vansé Kwéyòl” (kreyòl Dominik) Nan okazyon 30è anivèsè Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, peyi Dominik te òganize yon senpozyòm sou lang ak kilti kreyòl sou otorite Ministè Kilti, Jenès e Spò ak Gwoup Etid Kreyòl nan Dominik. Yo te envite tout asosyasyon ki ap travay sou lang kreyòl nan peyi Karayib la ak nan Oseyan Endyen. Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an te resevwa envitasyon ofisyèl nan men Kòdinatè Senpozyòm nan, Mesye Gregory Rabess. Konsa, komite a fòme yon delegasyon pou reprezante Ayiti nan non Inivèsite Leta d Ayiti ak nan non Komite a. Delegasyon an te genyen 3 manm komite a : Luna Gourgue, Claude Pierre ak Renauld Govain.
4, 5 décembre 2014: Patisipasyon Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen nan Seminè sou « Entèkonpreyansyon Lang ak Kilti kreyòl nan Karayib la » nan peyi Matinik. Se Luna Gourgue ki te prezante yon konferans ki montre plas Ayiti nan kesyon an. Tit konferans « Vizyon Ayiti nan kesyon Entèkonpreyansyon Lang ak Kilti kreyòl » (Une dimension haïtienne de l’intercompréhension des langues et des cultures créoles »
21 fevriye 2014 : Inogirasyon Sal Iv Dejan (Sal Espozisyon Liv) nan okazyon Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Manman.
7 avril 2014: Jounal “Le Moniteur” pibliye Lwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen.
Me 2014 : Demach pou monte yon komite Seleksyon Akademisyen.
24 jen 2014: Premye rankont Komite Seleksyon Akademisyen.
16 oktòb 2014:Lèt pou enstitisyon patnè Komite a pou anonse yo lis premye Akademisyen yo soti / Lèt Komite a ekri enstitisyon ki te deziye Manm Komite Seleksyon pou remèsye yo epi felisite reprezantan yo nan Komite Seleksyon an.
21 oktòb 2014: Komite Seleksyon Akademisyen ki gen ladan li: Sony Esteus, Chantale Noel, Emmelie Prophète, Junior Fils René, Franck Milbain, Abbé Wildort Menard, Eddy Lubin te bay yon konferans pou Laprès kote yo t ap devwale non tranntwa (33) premye Akademisyen Kreyòl yo.
4 desanm 2014: Enstalasyon premye Akademisyen Lang Kreyòl Ayisyen nan Otèl Karibe nan Petyonvil.
|