BYENVINI SOU SIT AKADEMI KREYÒL AYISYEN

PREZANTASYON AKA

Orijin

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Twa (3) jou kòlòk la te dewoule sou tèm “Akademi Kreyòl Ayisyen: ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni ?” Kòlòk sa a te rive mete tout moun dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi an ta dwe genyen. 10 desanm 2012, Sena Repiblik la vote lwa kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. 23 avril 2013 Chanm Depite a vote l tou. Nan dat 7 avril 2014, lwa kreyasyon Akademi an pibliye nan jounal ofisyèl Repiblik Ayiti, Le Moniteur, nimewo 65.

Apre piblikasyon ofisyèl la, komite a pa te pran tan pou li mete kanpe yon lòt estrikti pou seleksyone premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an sou pwopozisyon yon latriye enstitisyon ki te toujou ap travay pou yo bay lang natifnatal la jarèt. Se konsa, nan dat 4 desanm 2014, nan yon seremoni ofisyèl ki rasanble yon latriye pèsonalite politik, literè, entèlèktyèl ak diplomatik, komite pou tabli Akademi an enstale 33 premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an.

MISYON AKA

Akademi Kreyòl Ayisyen se pi gwo otorite nan sa ki gen pou wè ak lang kreyòl ayisyen an, an Ayiti kou aletranje. Pami misyon lwa kreyasyon li ba li, nou kapab site:

  • Travay pou enstitisyon Leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl;

  • Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn;

  • Fè envantè epi ankouraje tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl.

AKTYALITE
Ou ka Telechaje dokiman sa yo

Aktivite AKA

  • Fòme Pwofesè Kreyòl ak Jounalis

  • Estandadizasyon òtograf kreyòl ayisyen

  • Preparasyon zouti referans tankou gramè

  • diksyonè jeneral,diksyonè jiridik

  • Karavàn nan pwovens ak nan Dyaspora

  • pou sansibilizasyon ak pledwari

  • Selebrasyon Lang Matènèl Kreyòl

  • Selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl

  • Atelye lekti ak ekriti Kreyòl

  • Validasyon pwodiksyon kreyòl

  • Preparasyon Revi syantifk

  • (Edikasyon - Sosyolengwistik)

  • Konferans-Deba

Rosilia François CORNEILLE Vis Prezidan

Rogeda Dorcé DORCIL Prezidan

Jean Grégory CALIXTE Sekretè jeneral

André Serge BELLEGARDE Konseye

Norah Amilcar JEAN FRANÇOIS Konseye

Marky JEAN PIERRE Konseye

Konsèy Administrasyon

Sekretarya Egzekitif

Samuel Jean Baptiste Sekretè Egzekitif

Jean Rony Beaucicault Direktè Kominikasyon

Kenold Macéna Administratè Adjwen

Rejwenn kominote Akademi Kreyòl Ayisyen an

Pou w ka toujou rete konekte ak nou

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816