Akademisyen Michel Frantz GRANDOIT kite nou!

Akademisyen Michel Frantz GRANDOIT kite nou!

Se ak anpil lapenn Akademi Kreyòl Ayisyen ap anonse Akademisyen Michel Frantz GRANDOIT travèse vandredi 18 oktòb 2024 la, nan apre midi. Akademisyen an te gen 79 rekòt kafe sou tèt li. Akademisyen Michel Frantz GRANDOIT se alafwa yon manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen. Li te fè pati Premye kowòt Akademisyen kreyòl nan ane fondasyon enstitisyon an, an 2014. Li te Vis prezidan Akademi an pandan katran, epi li te kontribiye nan avansman Akademi an tou kòm manm Komisyon Kominikasyon epi Kòdonatè Komisyon finans. Akademisyen GRANDOIT se Edikatè, Prèt epi gwo pwomotè lang ak kilti kreyòl. Li konsakre tout vi li nan sèvi popilasyon ayisyen an swa nan edikasyon timoun kou granmoun, swa nan kesyon idantite oswa ankò nan pwomosyon lang ak kilti kreyòl ayisyen.

Akademisyen Frantz Michel GRANDOIT fèt Pòtoprens 29 septanm 1945.

Pòtoprens, 19 oktòb 2024

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816