Akademisyen

Akademisyen Jean Grégory CALIXTE

Prezantasyon

Jean Gregory CALIXTE fèt Pòtoprens 4 mas 1968. Li se pwofesè, tradiktè. Li etidye Lengwistik (Faculté De Linguistique Appliquée, 1990-1995). Kòm kad Sekreteri Leta pou Alfabetizasyon, li swiv plizyè fòmasyon nan domèn edikasyon

Piblikasyon

Jean Grégory CALIXTE patisipe kòm responsab pwodiksyon nan yon ansanm piblikasyon SEA ( Sekreteri Leta pou Alfabetizasyon). Nou ka site kèk dokiman tankou:

  • Liv kat chemen konnen

  • Gid « Ki jan pou nou montre Granmoun li ak ekri »

  • Liv An n Aprann kouche chif sou papye

  • Gid Anseye

  • Liv Aprann # 1 ak aprann # 2

  • 52 klas radio

  • Syans Esperimantal I-II

Angajman

Jean Gregory Calixte angaje li nan defann ak fè pwomosyon lang kreyòl la domèn sa yo:

  • Lengwistik

  • Alfabetizasyon

Sekreteri Leta Alfabetizasyon (SEA) se enstitisyon ki te rekòmande Gregory Calixte kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816