Akademisyen

Akademisyen Marky JEAN PIERRE

Prezantasyon

Marky JEAN PIERRE fèt nan komin Laskawobas, Plato Santral nan dat 16 jen 1968. Li etidye Sikoloji nan Fakilte Etnoloji, Inivèsite Leta Ayiti. Li gen yon Doktora nan Syans Edikasyon epi yon lòt nan Literati (University of Massachusetts). Akademisyen Jean Pierre se lengwis, edikatè, kritik literè ak pwofesè inivèsite.

Piblikasyon

Pami zèv li yo, nou ka site :

- Reyalis sosyal, reyapwopriyasyon lang ak reyapwopriyasyon diskou nan woman « Gouverneurs de la rosée ».

Angajman
Marky JEAN PIERRE fè rechèch rèdchèch nan lang kreyòl. Kòm kritik literè, li enskri tèt li nan yon dinamik pwodui travay kritik an kreyòl sou divès zèv klasik literati ayisyen an.

Li angaje li nan sektè sa yo :

- Rechèch

- Edikasyon

- Kilti

- Lengwistik

Se Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ki te depoze dosye kandidati Marky JEAN-PIERRE kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816