Akademisyen

Akademisyèn Norah Amilcar JEAN FRANÇOIS

Prezantasyon

Akademisyèn Norah Amilcar JEAN FRANÇOIS fèt 4 oktòb 1954 nan komin Desalin, depatman Latibonit, Ayiti. Pami yon bann lòt, li gen fòmasyon nan Gouvènans piblik nan Inivèsite Laval (Canada). Akademisyèn nan gen yon Metriz nan Etid ak Administrasyon jidisyè nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik. Li fè etid pòsgradye nan Lekòl nasyonal Majistrati (ENM, Frans) / Diplòm pèfeksyònman. Li etidye Dwa nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik epi li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti.

Piblikasyon

- Bay timoun yo ti chans

- Yon apèl pou chanje reyalite restavèk yo

- Lang ak kominikasyon nan sistèm jidisyè ayisyèn nan

Angajman
· Edikasyon

· Dwa moun

· Lang

Se Inivèsite Leta Ayiti ki te apiye kandidati Norah AMILCAR JEAN FRANÇOIS pou li te vin manm Akademi Kreyòl Ayisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816