Akademisyen

Akademisyen Nicolas ANDRE

Prezantasyon

Nicola ANDRÉ fèt 16 fevriye 1968 nan vil Pòtoprens, depatman Lwès peyi Ayiti. Nicolas André se pwofesè nan inivèsite. Aprè li fin etidye nan Faculté de Linguistique Appliquée (FLA/UEH), li t al etidye nan Indiana University, Etazini, kote li pran yon Metriz nan Lengwistik, nan ane 2008.

Piblikasyon

Nicolas André ANDRÉ pibliye oswa patisipe nan piblikasyon plizyè liv ak plizyè atik nan jounal ak nan revi. Pami piblikasyon sa yo, nou ka site :

· Bay mo yo lapawòl. Mission Civile OEA/ONU en Haïti, 2008 : Port-au-Prince.

· Dwa moun pou tout moun. Mission Civile OEA/ONU en Haïti, 2008 : Port-au-Prince.

· Haitian Creole – English Bilingual Dictionary. Creole Institute – Indiana University, 2007: Bloomington, Indiana.

· Demokrasi pou tout moun. Ambassade Américaine, 2004 : Port-au-Prince.

· Pen nan boutèy diven nan panyen banbou. Fokal, 2002: Port-au-Prince.

Angajman
Nan kad travay li fè pou defann oswa fè pwomosyon pou lang kreyòl la, nou jwenn domèn tankou :

· Rechèch

· Edikasyon

· Kominikasyon

Se CreoleTrans ki te pwopoze kandidati Nicolas ANDRÉ kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816