Akademisyen

Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL

Prezantasyon

Rogeda Dorcé DORCIL fèt Petyonvil premye 1e jiyè 1957. Li se pastè, lengwis, pwofesè inivèsite. Li gen yon lisans nan Lengwistik (Faculté de Linguistique Appliquée, 1995) ak yon metriz nan Syans Langaj (Univesité de Fanche Comté, 1988). Li gen yon lòt diplòm nan Syans Edikasyonepi lòt la nan Syans Edikasyon.

Piblikasyon

Rogéda Dorcé DORCIL fè plizyè piblikasyon pami yo :

  • La néologie lexicale en créole haïtien : Le vocabulaire de la politique en Haïti, juin 1995

  • Koumandè lawouze, yon tradiksyon kreyòl woman « Gouverneurs de la rosée », Jaques Roumain (2007)

Angajman
Pwofesè lang, konferansye, Rogéda Dorcé DORCIL fè pwomosyon epi defann lang kreyòl nan plizyè, domèn tankou :

- Rechèch

- Lenguistik

- Edikasyon

Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) te pwopoze Rogéda Dorcé DORCIL kòm manm Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816