Akademisyen

Akademisyèn Rosilia Corneille FRANÇOIS

Prezantasyon

Rosilia Francois CORNEILLE fèt 2 avril 1975 nan seksyon kominal Mesèt, komin Sèkalasous, depatman Sant peyi Ayiti. Madam Corneille se jounalis, l ap travay nan Jounal Bon Nouvèl kote li jwe yon gwo wòl nan batay k ap mennen pou fè respekte lang kreyòl la.

Piblikasyon

Soti 2002 pou rive 2017, Rosilia Francois Corneille pibliye plis pase san (100) atik ki kouvri plizyè sijè, nou ka site :

· Kanpay nasyonal sansibilizasyon sou kafe an Ayiti, 2002

· Yon sèl drapo pou yon sèl pèp, 2003

· Kabrit Tomazo menm plim menm plimay, 2004

· Mouvman vin pi moun, yon defi, yon reyalite, 2012

· Claude Pierre, yon gwo mapou, tonbe, 2017

· Ki lekòl pou ki sosyete ?, 2017

Angajman
Nan kad travay li fè pou defann oswa fè pwomosyon pou lang kreyòl la, Rosilia Francois Corneille deja braselide nan kèk domèn tankou :

· Kominikasyon

· Dwa Fanm

· Lengwistik

· Edikasyon

· Relijyon

· Kilti

Se Jounal Bon Nouvèl ki te pwopoze kandidati Rosilia Francois CORNEILLE kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816