Akademisyen

Akademisyen André Serge BELLEGARDE

Prezantasyon

Serge BELLEGARDE fèt 1e janvye 1949 nan vil Pòtoprens, depatman Lwès peyi Ayiti. Serge Bellegarde se pwofesè e li se jounalis. Serge Bellegarde fè yon Lisans an Lengwistik nan Georgetown University, Etazini, 1977 ak yon Metriz nan Howard University, Etazini, 1984. Li se mizisyen ki patisipe anpil nan aktivite kiltirèl nan kominote kote l ap viv.

Serge Bellegarde patisipe nan piblikasyon plizyè liv ak dokiman. Domèn li priyorize nan chèn pwodiksyon liv la se revizyon. Nou ka site revizyon li fè nan yon liv Jean-Michel Arrighi ekri ki titre : L’Organisation des Etat Américains et le Droit Internationa

Angajman

Nan kad travay li fè pou defann oswa fè pwomosyon pou lang kreyòl la, nou jwenn domèn tankou :

· Revizyon

· Edikasyon

· Kominikasyon

Se Université Notre-Dame D’Haiti (UNDH) ki te pwopoze kandidati Serge Bellegarde kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816