PREZANTASYON AKA
Orijin
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Twa (3) jou kòlòk la te dewoule sou tèm “Akademi Kreyòl Ayisyen: ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni ?” Kòlòk sa a te rive mete tout moun dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi an ta dwe genyen. 10 desanm 2012, Sena Repiblik la vote lwa kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. 23 avril 2013 Chanm Depite a vote l tou. Nan dat 7 avril 2014, lwa kreyasyon Akademi an pibliye nan jounal ofisyèl Repiblik Ayiti, Le Moniteur, nimewo 65.
Apre piblikasyon ofisyèl la, komite a pa te pran tan pou li mete kanpe yon lòt estrikti pou seleksyone premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an sou pwopozisyon yon latriye enstitisyon ki te toujou ap travay pou yo bay lang natifnatal la jarèt. Se konsa, nan dat 4 desanm 2014, nan yon seremoni ofisyèl ki rasanble yon latriye pèsonalite politik, literè, entèlèktyèl ak diplomatik, komite pou tabli Akademi an enstale 33 premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an.